所属专辑:Lakou Trankil
歌手: Belo
时长: 04:14
Istwa dwòl - Belo[00:00:00]
Written by:BélO[00:00:00]
Istwa 5 jèn gason ki pwan lanmè[00:00:16]
Kal chèche kibò la vi fè kwen[00:00:20]
Nèg sa yo te gentan bouke ak mizè[00:00:24]
Yo blije pati kite fanmi lwen[00:00:28]
Yo pat menm gen on destinasyon[00:00:31]
Yo sou dlo sou kont vag sou kont van[00:00:36]
Nèg sa yo te gen on sel vizyon[00:00:39]
Kite Ayiti fe kap yo pran van pou yale[00:00:42]
Ou ou ou ou ou ou[00:00:47]
Yo fin ale[00:00:53]
Ou ou ou ou ou ou ou[00:00:55]
Jou ap pase[00:01:03]
Nèg yo sou dlo[00:01:04]
Dezespwa te anvayi yo[00:01:07]
Pa gen manje[00:01:10]
Pa menm gen dlo[00:01:12]
Kè sote te anpare yo[00:01:14]
Gen youn ki di pase poul ta tounen[00:01:18]
Li ta pito lage kòl bay reken[00:01:22]
Li jèn[00:01:26]
Li nan peyil[00:01:26]
Li gen 2 men[00:01:27]
Chak jou solèy la leve l' jwen li pap fè anyen[00:01:29]
Ou ou ou ou ou ou[00:01:33]
Madanm kap plenyen[00:01:39]
Ou ou ou ou ou ou[00:01:41]
Timoun kap plenyen[00:01:47]
Nèg sa yo menm jan avèn[00:01:49]
Yo te renmen Ayiti Toma anpil[00:01:51]
Yo te toujou nan la pèn[00:01:57]
La vi pou nèg sa yo pat fasil[00:01:59]
Yo te oblije ale[00:02:04]
La mizè la vi chè pouse do y' ale e[00:02:07]
Peyizan ale ale[00:02:11]
Komèsan ale ale[00:02:13]
Atizan yale ale[00:02:15]
Kampi y a fin ale[00:02:17]
Nèg geto yale ale[00:02:19]
Moun anwo ale ale[00:02:21]
Machan dlo ale ale[00:02:23]
Ata ti zwazo yale[00:02:25]
Pwoletè ale ale[00:02:27]
Pwofesè ale ale[00:02:29]
Sitaden yale ale[00:02:31]
Mizisyen yo fin ale vre[00:02:33]
Ou ou ou ou[00:02:35]
Ahh y fin ale[00:02:40]
Ou ou ou ou ou[00:02:43]
Se peyi a kap kraze[00:02:49]
Istwa 5 jèn gason ki pran kanntè[00:03:06]
Kal chèche ki bò la vi fè kwen[00:03:11]
Nèg sa yo[00:03:14]
Te gentan bouke ak mizè[00:03:16]
Yo blije pati kite nou lwen[00:03:18]
Yo pa menm gen on destinasyon[00:03:22]
Yo sou dlo sou kont vag sou kont van[00:03:26]
Nèg sa yo te gen on sèl vizyon[00:03:30]
Kite Ayiti fè kap yo pran van pou yale[00:03:33]
Ou ou ou ou ou y fin ale[00:03:37]
Ou ou ou ou ou ou[00:03:45]
Ayiti bouke[00:03:51]
Ou ou ou ou ou ou[00:03:53]
Yo blije[00:03:59]
Ou ou ou[00:04:01]